Azil

Paj resous sa a se pou moun ki ap chèche azil. Enfòmasyon yo bay nan paj sa a se pa konsèy legal oswa yon ranplasman pou konsèy legal. Tanpri konsilte yon avoka imigrasyon pi vit posib sou ka patikilye ou a. Yo founi enfòmasyon an pou mete bagay yo klè paske chèche azil nan peyi Etazini (United States) se yon pwosesis konplike ki gen dat limit ak etap espesifik.

Anba a, nou revize sitiyasyon yo epi bay enfòmasyon sou pi bon pratik pou ale nan pwosesis azil la nan Etazini jiskaske ou kapab jwenn yon avoka imigrasyon. Nou ap bay enfòmasyon sou kesyon yo poze souvan sou odyans tribinal yo, pou chanjman adrès, nan dwa ou genyen ak objektif pou founi w enfòmasyon ak resous kapab ede w konprann pwosesis pou chèche azil la. Ankò, sa a se pa konsèy legal, kidonk tanpri konsilte ak yon avoka imigrasyon sou ka w la. Tanpri itilize lyen sa yo pou jwenn enfòmasyon nan Español, Angle ak.

Moun k ap Chèche Azil -Sa ou ta dwe konnen

PATISIPE NAN TOUT RANDEVOU OU YO AK ICE

Ou ta dwe ale nan TOUT reyinyon ou genyen ak ICE yo si yo ba ou yon dat ak lè pou anrejistreman an Si yo te bay tout manm fanmi w yo dat anrejistreman yo enkli timoun yo, yo dwe ale tou. Si w pa patisipe nan reyinyon sa yo, ICE kapab kenbe w nan yon sant detansyon pandan pwosesis imigrasyon w lan. Poutan, si yo lage w sou kosyon jij imigrasyon an fikse yon dat, li posib pou w pa oblije patisipe nan reyinyon ICE anplis odyans tribinal imigrasyon w yo. Tanpri verifye dokiman tribinal ou a pou wè si jij imigrasyon an te ajoute nenpòt kondisyon pou libere w. Si se konsa, ou dwe respekte tout kondisyon sa yo. Si se pa sa, yo kapab retounen ou nan yon sant detansyon pou valè tan ki rete nan pwosesis imigrasyon ou an. Sonje randevou ICE yo diferan ak odyans tribinal imigrasyon yo. Ou fèt pou w ale nan tou de.

ALE NAN TOUT RANDEVOU ODYANS TRIBINAL OU YO

Sa kapab rive yo poko pwograme yon dat konvokasyon devan tribinal imigrasyon an. Se responsablite w pou w tcheke imèl ou pou avi tribinal yo. Konsa, li enpòtan pou asire w tribinal la genyen adrès imèl kòrèk ou. Epitou, ou kapab jwenn enfòmasyon sou dat pwosè w la nan nimewo liy asistans EOIR oswa sou entènèt sou sit EOIR an. (Gade enstriksyon anba yo) Si mari/madanm ak/oswa timoun ou yo nan pwosesis imigrasyon, ou dwe tcheke nimewo endividyèl Anrejistreman Etranje yo (A#), paske yo kapab genyen yon dat, lè, epi kèk fwa kote odyans lan ap fèt ki diferan ak pa w la. Si ou pa prezan nan tribinal la nan jou odyans ou an, jij la ap kontinye ap trete dosye w la san ou epi li pwobab pou jij la bay lòd pou depòte w poutèt ou pa t prezan nan odyans lan. Kategori depòtasyon sa rele yon lòd depòtasyon pandan w pa la (“in absentia”). Si ou resevwa yon lòd depòtasyon “in absentia”, tanpri kontakte yon avoka imigrasyon tousuit.

KIJAN POU W JWENN ENFÒMASYON SOU DAT AK KOTE PWOCHEN ODYANS NAN TRIBINAL IMIGRASYON OU AN AP FÈT LA

Gen de fason pou w jwenn enfòmasyon sou dat, lè ak kote odyans nan tribinal imigrasyon ou an ap fèt la. Ou kapab swa rele sistèm otomatize EOIR oswa atravè EOIR Portal la sou entènèt la.

KIJAN POU W ITILIZE SISTÈM OTOMATIZE EOIR LA

Premyeman antre nimewo sistèm otomatize EIOR la ki se 800-898-7180. Gen sèlman de opsyon lang pou chwazi lè w anndan sistèm lan, ki se Anglè oswa Panyòl. Pou Anglè, peze nimewo en (1). Pou Panyòl, peze nimewo de (2). Si ou pa alèz nan pale Anglè oswa Panyòl la, ou pran bezwen yon moun ki alèz nan youn nan de lang yo pou ede w. Ou dwe bay Nimewo Anrejistreman Etranje w la (A#), ki pote non Nimewo A, pou jwenn enfòmasyon an. Sonje pou w verifye tout A# ki nan fanmi w yo paske yo kapab genyen yon dat odyans diferan ak pa w la, menm sa timoun yo.

Epi tou, ou kapab gen aksè ak enfòmasyon tribinal ou yo atravè entènèt la. Klike la EOIR PORTAL. Yon fwa ou asepte tèm yo, yo ap voye w nan yon lòt paj ki sou sit entènèt yo an. Yon fwa ou sou nouvo paj la, ou pral klike sou lyen ki ekri “Automated Case Information” an (Enfòmasyon Otomatize sou Dosye yo). La se kote w pral antre A# ou an nan sistèm lan. Sonje, ou dwe verifye A# chak manm nan fanmi w lan paske yo kapab gen yon dat ak lè odyans ki diferan ak pa w la.

Toude sèvis yo disponib 24 èdtan pa jou, sèt jou sou sèt. Ou kapab verifye dosye w la nenpòt lè. Si odyans tribinal ou an pa t pwograme, ou dwe verifye odyans ou ki gen pou fèt la nan sistèm an omwen yon fwa pa semèn jiskaske odyans ou an vin pwograme. Sonje, ou gen responsabilite pou w fè si ou prezan nan tout odyans tribinal ou yo, menm si ou pa gen yon avoka pou reprezante w nan moman odyans lan. Ou kapab toujou mande jij imigrasyon an plis tan pou w jwenn yon avoka pou reprezante w. Si ou menm oswa nenpòt manm nan fanmi w pa ta prezan nan dat odyans nou an, jij imigrasyon an kapab siyen yon Lòd Depòtasyon Final “in absentia”, ki anile dosye imigrasyon ananntant lan epi ki otorize ICE pou li depòte andeyò peyi Etazini ou menm oswa manm fanmi w yo ki pa t prezan nan odyans lan.

Si sistèm lan endike pwochen odyans ou an toujou ap fèt nan Texas epi ou pa rete la ankò, tanpri pale ak yon avoka tousuit pou li kapab ede w nan fè demann pou yo transfere dosye w la nan yon tribinal imgrasyon ki pi pre kote w rete a. Demann sa pote non Demann Chanjman Domisil (Motion to Change Venue). Si tribinal la resevwa epi apwouve demann chanjman domisil la, tribinal la pral voye yon avi ba w nan yon mesaj imèl. Sonje se responsabilite pa w pou fè tribinal imigrasyon an ak ICE konnen si ou deplase al rete nan yon nouvo kote. Tanpri gade pi ba an pou w voye yon chanjman adrès bay tribinal imigrasyon an oswa ICE.

VOYE YON CHANJMAN ADRÈS BAY ICE AK EOIR TOUSUIT APRE OU DEMENAJE

Si ou demenaje, ou dwe fè tribinal la ak ICE konnen sa nan yon espas senk jou aprè w demenaje an. Ou pral gen bezwen soumèt yon fòm EOIR-33IC bay tribinal imigrasyon an epi bay ICE yon kopi. Epi tou, ou dwe voye yon fòm ki pote non fòm AR-11 bay ajans avantaj imigrasyon ki rele USCIC la. Tout moun ki pa sitwayen dwe voye fò, AR-11 lan bay USCIS lè yo ap demenaje. Si ou pa fè tribinal la ak ICE konnen ou chanje adrès sa kapab lakòz gen konsekans ki grav sou dosye imigrasyon w lan paske imigrasyon pral voye kourye lapòs ki enpòtan nan adrès ou bay la yo. Si ou rate yon avi ki enpòtan paske w pa t mete adrès ajou, se ou k ap responsab sa epi ou kapab sibi mezi depòtasyon an.

OU DWE SOUMÈT APLIKASYON AZIL OU AN NAN ESPAS YON LANE APRÈ OU ANTRE NAN PEYI ETAZINI!

Ou dwe depoze aplikasyon pou azil ou an, I-589, nan espas yon lane apati dat ou te antre nan peyi Etazini. Si ou pa soumèt I-589 ou an nan espas yon lane, ou ap pèdi dwa w genyen pou w jwenn azil la otomatikman. Si ou depase delè an, tanpri jwenn yon avoka imigrasyon pou ede w nan dosye w la, paske gen eksepsyon limite pou règ bloke aprè 1 lane an.

Ou dwe ranpli aplikasyon an nan lang angle. Epi tou, tout prèv ou ajoute pou sipòte aplikasyon w lan dwe an Anglè oswa gen yon tradiksyon nan lang Anglè. Jeneralman, Tribinal la p ap asepte prèv ki pa nan lang Anglè yo oswa ki pa gen tradiksyon nan lang Anglè yo. Li enpòtan pou w gen yon avoka imigrasyon ansanm avè w pou gide w atravè pwosesis ranpli epi depoze aplikasyon w lan, poutèt nouvo chanjman ki genyen nan aplikasyon demann azil la.

KÒMANSE PWOSESIS APLIKASYON POU AZIL LA

Ou dwe depoze aplikasyon pou azil ou an nan espas yon (1) lane apati dat ou te antre nan peyi Etazini.

Si yo te metew an detansyon epi w te resevwa yon Avi Konvokasyon (Notice To Appear, NTA), ou gen obligasyon pou w aplike pou azil defansif. Pou depoze yon aplikasyon azil defansif, ou dwe prezante tèt ou nan tribinal imigrasyon an. Si ou pa gen yon dat odyans ki pwograme anvan peryòd yon (1) lane aprè dat antre an, ou dwe depoze li nan tribinal imgrasyon kote y ap trete dosye w la. Ou te mèt te ap tann yon dat odyans, aplikasyon an dwe soumèt anvan peryòd yon (1) lane aprè dat antre an fini. Tanpri konsilte yon avoka imigrasyon pou ede w nan depoze aplikasyon azil defansif ou an. La ankò, se responsabilite w pou w prezan nan tout pwosedi jidisyè yo epi respekte delè lalwa prevwa pou aplikasyon yo.

Si yo te retire nan detansyon epi ou pa t resevwa yon NTA, ou kapab aplike pou azil nan yon fason pozitif. Pou depoze yon aplikasyon azil pozitif, ou dwe depoze l nan USCIS nan espas yon (1) lane apati dat ou te antre nan peyi Etazini. Tanpri konsilte yon avoka imigrasyon pou ede w nan depoze aplikasyon azil pozitif ou an. Sonje, se responsabilite w pou w prezan nan tout pwosedi jidisyè yo epi respekte delè lalwa prevwa pou aplikasyon yo.

AVOKA YO

Pandan ou gen dwa pou yon avoka reprezante w, tribinal la p ap ofri w sèvis avoka gratis. Li vrèman enpòtan pou w jwenn yon avoka ki kalifye epi ki gen lisans ki kapab ede w konprann opsyon legal ou genyen yo epi ki kapab reprezante w nan yon tribinal imigrasyon. Pou fè si ou ap rankontre ak yon avoka ki gen lisans, ou kapab mande yo nimewo bawo li an. Sonje malgre gen avantaj nan genyen yon avoka, li pa obligatwa pou w genyen yon avoka oswa yon reprezantan kalifye (ki akredite nan DOJ), epi ou dwe toujou prezan nan odyans tribinal yo menm si w pa gen yon avoka k ap reprezante w.

Pou jwenn yon avoka andeyò eta Texas la, tanpri rele:
National Asylum Helpline (Liy Asistans Nasyonal pou Azil) la nan 612-746-4674 9AM rive 4PM Lendi rive Vandredi. Liy Asistans Nasyonal pou Azil la ede aplikan pou azil yo jwenn sèvis jiridik gratis ak avoka ki espesyalize nan koze imigrasyon tou pre kote yo rete yo. Si ou rele, yo pral ba w non ak nimewo òganizasyon ki ofri sèvis jiridik yo epi yo kapab ede w. Ou kapab ale sou sit entènèt sa yo: www.ailalawyer.com, https://www.immigrationadvocates.org/legaldirectory, ak www.immigrationlawhelp.org pou jwenn yon avoka imigrasyon.

PA ITILIZE YON NOTÈ

Ou dwe konnen nan Etazini, notè ak konsiltan imigrasyon yo pa gen tit avoka. Yo kapab lakòz gen pwoblèm grav nan dosye imigrasyon yo sa ki kapab gen yon enpak negatif sou dosye w la. Yo ap pran lajan nan men w pandan yo pa gen pèmisyon legal pou reprezante w nan dosye imigrasyon w lan, ki donk yo p ap prezan nan tribinal la avè w. Yon bagay ki enpòtan anpil, Tribinal la p ap jwenn otorizasyon pou korije tout erè yon notè fè nan aplikasyon ou yo, kidonk sa vle di ou bloke ak erè notè yo. Nan yon lòt bò, tout avoka ki gen lisans yo gen obligasyon pou yo akonpanye kliyan yo nan tribinal la aprè yo asepte reprezante yon dosye epi tout erè yo kapab korije. Tanpri, chèche konsèy jiridik ak reprezantasyon ann men yon avoka imigrasyon ki gen lisans.

DWA AK AVANTAJ OU YO

Nan peyi Etazini, tout timoun genyen dwa pou yo ale lekòl, menm si yo pa gen rezidans oswa yon estati imigrasyon legal. Sa depan eta ou ap viv ladan l lan, li posib pou ou menm oswa pitit ou an kapab resevwa avantaj nan kad sante. SI ou deplase ale nan kad yon “Òdonans Sipèvizyon” ou kapab aplike pou jwenn yon pèmi travay nan Etazini pandan dosye w la ap trete nan tribinal imigrasyon an. Tanpri kontakte yon ajans sèvis sosyal, òganizasyon relijye, oswa avoka si w gen kesyon konsènan lekòl, avantaj sante pou timoun yo, ak pèmi travay yo.

Si ou ta renmen jwenn plis enfòmasyon sou sèvis sosyal nan kote w rete an, tanpri rele Liy Dirèk RAICES’ Canopy an: 800-437-3071 (RELE oswa EKRI). Canopy se yon liy asistans telefonik ki gen objektif pou li konekte migran yo ak sèviz sosyal itil nan kote yo rete yo. Canopy gen objektif pou li ale pi lwen pandan li ap voye yon lis resous bay moun ki rele l yo nan yon fason byen senp. Objektif yo se ofri bon jan tranzisyon nan ajans ki pran ka imigran yo nan yon efò pou redui obstak kominote an souvan rankontre.

LIY DIRÈK TELEFONIK CANOPY AN: 800-437-3071 (RELE oswa EKRI).

OU PA KAPAB TRAVAY OSWA KONDI AK YON PÈMI OSWA YON LISANS

Nan Etazini, ou pa otorize pou w travay oswa kondi san otorizasyon gouvènman an. Ou dwe jwenn yon otorizasyon travay nan men USCIS. Tanpri ale konsilte yon avoka imigrasyon pou wè si ou kalifye pou yon pèmi travay.

Ou dwe gen yon lisans pou kondi Eta an ba ou pou w kondi legalman nan Etazini. Chak Eta gen lwa pa yo konsènan ki moun ki kalifye pou yo jwenn yon lisans pou kondi. Tanpri konsilte Depatman Veyikil a Motè yo nan Eta w la pou detèmine si ou kalifye oswa pa kalifye pou aplike pou jwenn yon lisans pou kondi.

Pou n ka pi klè, li etèdi pou w travay oswa kondi nan Etazini san yon pèmi oswa yon lisans. Si yo kenbe w k ap travay oswa kondi yon fason ilegal, ICE gen dwa pou li remete w nan sant detansyon an pou valè tan ki rete nan pwosesis imigrasyon ou an.

FANMI AK ZANMI MOUN K AP CHÈCHE AZIL KI NAN DETANSYON YO

Pou lokalize yon moun ICE te mete an detansyon, itilize sit entènèt lokalizatè anliy ICE an. Ou pral bezwen gen A# li an oswa non li, siyati li, ak dat nesans li. Yon fwa ou konnen kote fanmi w oswa zanmi ou nan detansyon li enpòtan pou w konnen pa gen apèl gratis pou w rele fanmi oswa zanmi ou yo. Chak sant detansyon yo gen yon konpayi ak yon pwosesis ki diferan pou moun lan resevwa finansman pou li fè apèl. Tanpri gade nan sit entènèt sant detansyon sa menm pou jwenn plis enfòmasyon.

Si ou panse manm fanmi w la oswa zanmi w la toujou nan detansyon anba kontwòl CBP an, li kapab pi konplike pou w kominike ak li.

Si manm fanmi w la rive nan Etazini antanke yon minè ki pa akonpanye (UAC) epi ou ap eseye lokalize li, tanpri rele Biwo Reyenstalasyon Refijye an, nan ORR National Call Center an nan (800) 203-7001, oswa ekri yon imèl nan [email protected]. Si ou te lokalize timoun minè an men ou bezwen asistans nan enfòmasyon parenaj ou yo, tanpri kontakte VECINA nan 855-480-1299, pou jwenn asistans.